Description

Yo konsidere majorite legliz yo ak espas pou fè lwanj yo kòm baz òganizasyon relijye yo, olye yo rekonèt yo kòm anbasad Wayòm Bondye a, ki reflete reyalite Wayòm nan sou tè a. Bondye te kreye latè antan ke yon koloni Wayòm li a ki nan syèl la. Yon koloni se yon peyi, ki anba konywòl politik yon lòt peyi, ki reflete lwa li yo, valè li yo, moral li, avèk koutim li yo. Bondye enstale moun li chwazi yo kòm anbasadè pou yo mennen vini sou tè a wayòm prestijye, majestye, e ki plen pouwa li a. Li chwazi ou avèk legliz la pou ranfòse prensip li yo, pratik li yo, avèk lwa li yo sou tè a tankou nan syèl la. Bondye se achitèk e batisè legliz Li a, ki genyen lavi Jezi, Wa a, avèk piti li a kòm fondasyon. Nan livrè sa, w ap aprann o mwen twa prensip renmen yo, tankou volonte orijinal Bondye pou ou domine sou tè a antan ke reprezantan li, kijan ou kapab antre e viv nan Wayòm Bondye a konyea menm, avèk senk lwa spirityèl Wayòm Bondye a pou mennen moun nan Wayòm li a.